Grenadya se yon frui ki klase nan fanmi « Passifloraceae ». Gen kote yo rele l grenadil. Se yon plant grenpant ki bay bèl flè. Nan kèk rejyon yo rele l frui de pasyon paske Jezuit yo te konn itilize flè lyann sila pou reprezante « La passion du christ ». Pistil ak fòm kowòl flè a fè li sanble ak kouwòn pikan yo te mete sou tèt Jezi lè yo t ap krisifye l la. Plant grenadya a soti nan peyi Brezil. Aprè yo te pote li sou kontinan Afrik. Gras ak vriy yo ki anwoule, grenadya gen kapasite pou akwoche ak nenpòt sipò.
Atik sa prezante klasifikasyon plant sila, karakteristik li sou plan mòfolojik, etidye l nan nivo ekolojik, pote detay sou ansanm konesans tradisyonèl ki genyen sou grenadya epi kisa lasyans di sou sa.
Emisyon "#scicomm avèk Josué" a anile pou semèn sa, mwen swete w ap li epi rive tire anpil kichòy nan atik sa a. Pa bliye kite apresyasyon w nan kòmantè a.
Non syantifik : Passifora edulis
Rèyn : Plantea
Divizyon : Magnoliophyta
Klas : Magnoliopsida
Od : Violales
Fanmi : Passifloraceae
Jan : Passiflora
Espès : Edulis
Varyete : Grenadya gen 2 varyete ;
- Varyete Edulee (koulè vyolè).
- Varyete Flavicarpa (koulè jòn) oubyen Marajuta. Se varyete ki plis kiltive an Ayiti.
Prezantasyon lòt espès yo
Apre grenadya oubyen grenadil (Passiflore edulis), fanmi passifloraceae a gen twa (3) lòt espès ankò. Grenadèl oubyen grenadya sikre (Passiflora ligularis), Babin (Passiflora quadrangularis), et Curuba (Passiflora mollisina)
- Grenadèl : Pasiflò sa a plis pouse nan mòn (zòn sibtwopikal, 950 – 3000 mèt altitid). Fèy li pi di pase fèy grenadya a, yo oval epi yo gen yon koulè metalik. Anndan frui grenadèl la koulè blanch, santi bon epi sikre.
- Babin, yo rele pi souvan « Grenadin », Li gen fèy antye epi pèsistan. Frui li yo mezire jiska 30 santimèt, e se yo ki gwo nan jan pasiflò yo. Anndan frui gen yon bann ti grenn ki moun ka manje ki gen koulè blanch.
Anplitid ekolojik
Grenadya pouse nan tout nivo ekolojik an Ayiti. Kòm Ayiti se yon peyi ki gen anpil mikwoklima e chak klima sa yo aji yon fason ki diveran sou espès vivan k ap evolye ladan yo. Lè nou panche sou egzijans agwo-ekolojik plant sila, men ki karakteristik li genyen an fonksyon chak zòn agwo-ekolojik an Ayiti ;
- Nan mòn (1000 a 2000 mèt altitid) : Kantite kilti grenadya nan zòn sa yo pa anpil, yo pa donnen anpil frui, yo bay plis fèy. Grenadya pran anpil tan avan li fleri nan zòn sa yo e se sitou nan sezon été. Flè grenadya pa twò tolere kote ki fwèt e se sa ki lakoz menm si li ta rive fleri se pa tout flè yo k ap bay frui. Yo avòte byen bonè. Fèy grenadya ki leve nan mòn yo souvan pi rezistan, vèt epi byen klere. Ji frui li bay pa dous ditou. Pa egzanp, nou ka jwenn yo nan mòn kawo, komin Tirivyè Latibonit.
- Zòn agwopastoral ki fèt fwèt a mwatye (400 – 1000 mèt altitid): Kontrèman ak grenadya ki pouse nan zòn ki fè fwèt yo, sa ki nan zòn agwopastoral a mwatye fwèt yo bay plis randman. Fèy yo rezistan epi vèt tou. Pifò nan flè yo bay yo rive fè pitit. Frui develop nòmalman e yo bay anpil ji. Se menm bagay la pou grenadya ki pouse nan zòn plèn epi ki jwenn dlo. Egzanp ; Nan plenn Latibonit.
- Zòn sèch ( 400 mèt altitid) : Grenadya ki plante nan zòn sèch yo jwenn plis difikilte pou yo devlope. Fèy yo pa twò vèt epi yo joni byen rapid. Gen sezon menm grenadya ki pouse nan zòn sa yo jete tout fèy. Yo pa viv lontan konparativman ak sa ki nan lòt klima yo. Frui yo bay yo pi piti e yo pa gen twòp ji nan yo. Egzanp; Laplenn, depatman lwès.
Tanperati ki ideyal la se 26 oubyen 27oC. Plivyometri akseptab la se 700milimèt, men ideyal la se anviwon 1400 milimèt dlo. Grenadya renmen kote ki gen solèy, sòl ki byen travay, ki pa kenbe dlo. Li adapte l tou ak sòl ki gen ajil. Li pa renmen zòn kote tè a sale, se sa ki eksplike rezon ki fè li pa twò pouse nan plenn « Cul-de-sac »
Fòm grenadya
Grenadya se yon plan dikotiledon, li gen tout ògàn vejetatif yo (rasin, tij, fèy, flè, frui)
Rasin
Tip rasin : Pivotan
Grenadya bay rasin ramifye ki pa antre twò fon nan tè. Yo ka rive ant 15 a 25 santimèt pwofondè.
Tij
Tij grenadya a gen yon bann ekòs trè mens sou yo li.
- Tij grenpan
- Tij a kwazans monopodyal
- Filotaksi : fèy altène
Tij prensipal grenadya a ka rive jiska sis (6) mèt. Li fè anpil ramifikasyon sa ki ka pèmèt li blayi kò l sou yon gran espas. Gras ramifikasyon sa yo, yon sèl pye grenadya ka kouvri yon espas 60 mèt kare.
Fèy
Tay fèy la : 7 - 12 santimèt
Sipèfisi : 7-12 × 8-14 cm2
Longè petyòl la : 3 à 5 cm
Fèy konplè
Nèvasyon palme
2 lob pa fèy
Lenb dantile
Fèy grenadya a koulè vèt, lè l kòmanse antre nan laj li vin jòn epi li tonbe pou kont li. Fèy yo pi rezistan nan zòn tanperati a fèb e li pi vèt kote ki gen solèy. Grenadya a gen tou anpil fèy ki transfòme an vriy spirale ki pèmèt li pran sipò sou titè li yo. Vriy sa yo gen an 7 a 10 santimèt lè li alonje. Gen tou twa (3) estipil nan ne ki jèn yo.
Flè
Tip : Disk
Estrikti : Zigomòf
Enfloresans : Cyme inik
Pati pwotektris flè :
Senk (5) sepal ki gen koulè vèt deyò epi blanch anndan.
Senk (5) petal ki gen koulè blanch
Sou petal yo gen yon bann filaman ki gen koulè mov epi blan ki reyini pou kouwonnen pati repwodiktris la. Filaman sa yo gen yon longè ki anviwon 1 a 2 santimèt.
Pati repwodiktris la
Se pati sa a ki sanble ak kouwòn pikan an ki fè yo ba l non « frui de pasyon » an. Li gen tout ògàn yo, se yon flè konplè ;
- Ovè « infère » lib
- Kapèl (Jinese ou pistil)
- Estil : Vèt pal
- Senk (5) etamin (5 filè, 5 antè)
Grenadya ka fleri pandan tout ane a. Sitou nan zòn ki gen anpil limyè e ki cho. Flè yo pa dire lontan, anviwon 2 a 3 jou maksimòm. Flè a bay nesans ak frui a pandan pati pwotektris la ap disparèt.
Nan faz kote plant lan pral fleri, nou ka remake nan ne branch ki pi jèn yo twa (3) ti fèy dantile ki ranje tankou yon piramid. Lè flè a fin parèt yo pral fòme sa nou rele brakte yo anba yon pedonkil ki mezire 3 santimè anviwon.
Frui
Apre ovil la fin fegonde, nou ka remake anbriyon an ap devlope e ap pran gwosè chak jou. Pandan twa (3) premye jou yo, frui a gen koulè vèt e anndan l gen yon chè ak yon pakèt grenn tou blanch.
Frui yo gen yon fòm won lè yo kòmanse pran matirite, grenn ki anndan yo vin nwa epi yo ap benyen yon ji koulè oranj. Grenn yo dikoltiledon. Grenn yo jèmen byen fasil apre yo fin sòti nan ji. Donk se simen pou simen grenn yo pou l ka repwodui.
Après la fécondation de l’ovule, nous remarquons le développement de l’embryon et l’embryon prend de volume à chaque jour. Pendant les trois premiers jours le fruit est de couleur verte, contient une chair blanche à l’intérieure et de nombreuses graines blanches.
Pwodiksyon grenadya
Miltiplikasyon : Yo itilize teknik miltiplikasyon, tankou; semi, boutiraj oubyen grefaj
Teknik kiltiral
Men jan ak lòt espès k ap viv sitou plan yo, grenadya gen anviwonman li pi tolere.
Grenadya evolye pi byen sou byen bwa ki bay frui ak sou bannan planten.
Yo konn itilize sipò avèk fil fè, poto, tonèl elatriye.
Plantasyon : Grenadya bay pi bon rezilta lè li plante nan peryòd lapli kòmanse tonbe.
Maladi ak parazit : Men kèk maladi ak parazit ki konn atake grenadya ;
- Bèt : mouch, cheni…
- Maladi ki gen orijin cryptogamik epi viral :
Pouriti rasin a koz yon chanpinyon ki « Fizaryòm »
Pouriti lyann yo a koz mozayik.
Konesans tradisyonèl ki genyen sou grendya
Pou sa ki gen pou wè ak pwodiksyon, gen anpil kote yo evite plante grenadya nan lakou an Ayiti. A koz fòm plant lan e jan li ka kouvri anpil espas, gen anpil moun ki panse grenadya ka sèvi kay pou bèt, tankou koulèv.
Pou fèy li : Gen kote an deyò, yo itilize fèy grenadya pou fè te pou moun ki fè sezisman, jeneralman lè moun sa yo pèdi yon pwòch yo epi tou pou moun ki paka jwenn somèy lannuit.
Pou frui li : Anpil Ayisyen renmen bwè ji grenadya. Gen moun ki fè kòktèl ak li, men yo plis bwè l apre yo fin manje. Gen gason ki renmen ji grenadya paske yo estime li bay andirans lè y ap fè bagay. Yo pran l tou lè y ap fè travay ki mande fòs ak enèji.
Kisa lasyans di parapò ak konesans tradisyonèl sa yo ?
Gras ak yon ti kantite alkaloyid andolik, flovonoyid epi pektin ki gen nan flè ak nan fèy grenadya a, sa rann li gen yon efè sedatif, anti-espasmodik epi pwovoke somèy. Men kèk avantaj li genyen sou lasante ;
- Ede moun jwenn yon somèy natirèl ki p ap pwovoke depresyon ni fatig lè yo reveye. Nenpòt timoun ka bwè l.
- Li vrèman efikas pou moun ki fè tansyon
- Li kalme doulè, tankou : kolik entestinal, kolik bilè, kolik nefretik ak doulè règ.
- Diminye anvi pou konsome dwòg ak alkòl.
- Nan ka kote ou fatige fizikman oubyen ou atake pa kèk maladi enfektye, grenadya kapad ede w, paske li gen pwo-vitamin A, vitamin C epi asid òganik.
Efektivman moun an Ayiti gen bon rezon lè yo deside konsome grenadya, men sou plan syantifik plant sa a gen plis itilite pase sa nou te ka imajine selon tout avantaj mwen sot site la yo.
Pou sa ki gen a wè ak bèt ki ka vin kache sou pye grenadya yo, li pa toujou vre. Pou yon bèt chwazi rete yon kote fòk kote sa ka reponn ak bezwen li yo. Poutan, grenadya pa gen okenn bagay ki te ka entèrese yon bèt tankou koulè, sitou si li nan yon lakou ki toujou gen bri. Bèt ou ka pi souvan jwenn sou grenadya se foumi. Ki donk pa gen okenn rezon pou w paka plante grenadya nan lakou lakay ou.