Konprann fenomèn jèminasyon an

Siman ou konn ap mande tèt ou pou ki rezon grenn yo pa jèmen nan sezon li fè sèk anpil. Oubyen pou kisa yo mete kèk grenn tranpe nan dlo pou yo ka jèmen.
Nan atik sa nou pral wè an detay fenomèn jèminasyon an.

Avan ou tanmen li atik sa a, mwen vle voye yon kout chapo pou ou ki chwazi akwoche w avèk lasyans. Nan emisyon kominikasyon syantifik mwen an ki pase sou Facebook ak YouTube chak madi 8:15 PM, mwen pale de agrikilti, devlopman riral, ekonomi riral ak anviwonman. Si w prefere gade emisyon an ale sou lyen sa: https://facebook.com/jopierreht

Kisa ki jèminasayon an ?

Kontrèman ak moun epi bèt yo, plant yo pa gen pouvwa pou deplase pou al chèche kote sa pi bon pou yo lè kondisyon anviwonmantal yo pa favorab pou yo kontinye viv. Kòm lanati fè tout zafè li sou kontwòl, plant lan devlope estrateji pou li konsève lavi pitit li gen pou l mete sou tè a. Aprè plant lan fin donnen, grenn yo kòmanse pran matirite epi li jete tout dlo ki te nan li yo. An Ayiti nou konn mete grenn yo nan solèy pou yo ka seche. Lè grenn lan sèch, li gen kapasite pou li konsève tèt li pou yon bout tan epi reziste kont move moman yo. Pandan peryòd sa a grenn lan ap dòmi (nan ka sa yo pale de dòmans). Si w ap byen gade grenn lan nan peryòd dòmans li an, se kòmsi se yon bagay ki pa gen vi ladan l. Poutan ti grenn lan gen tout eleman nesesè pou transfòme tèt li an yon pye bwa. Li jis ap tann yon moman favorab pou sa. Tankou yon kote ki gen dlo ak tanperati ideyal pou l ka jèmen.

Jèminasyon an se lè ou remake yon ti rasin sòti nan grenn lan, yo rele ti rasin sa a "radikil". Men nan yon sans ki pi laj, jèminasyon an kòmanse depi lè radikil la parèt pou rive kote ti plant lan soti anba tè a.

Jèminasyon an fèt nan twa (3) etap:

  • Faz enbibisyon dlo; se kote ti grenn lan ap absòbe dlo.
  • Faz aktivite metabolik entansif; Se kote rezèv ki nan grenn lan transfòme pou ti plant lan ka itilize. Pandan ti plant lan piti a, li pako gen ase abilite pou li rale eleman li bezwen nan sòl la epi li pako ka fè foto sentèz. Se amidon ki nan grenn lan ki sèvi ti plant lan sous enèji jiskaske ti plant lan an mezi pou li fabrike pwòp enèji pa li.
  • Dènye faz la se aparisyon radikil la.

Gen de (2) obsèvasyon ou ka fè pandan jèminasyon an:

Si w remake grenn lan sòti nan tè ak tout ti plant lan, yo rele l jèminasyon "epije". Pa egzanp ariko (pwa).

Si w remake grenn lan rete anba tè a epi ti plant lan sòti, yo rele ka sa jèminasyon "andoje". Pa egzanp mayi.

Kisa ki ka lakoz yon grenn pa rive jèmen?

Jèminasyon an kontwole pa kèk òmòn vejetal epi kondisyon anviwonmantal yo.

  • Grenn lan pap jèmen si anbriyon an sispèk kondisyon ki deyò a pa favorab pou ti plant lan grandi.
  • Anvlòp ki sou grenn lan, yo rele li tegiman, ki sèvi yon baryè fizik epi chimik ka anpeche dlo ak oksijèn rive jwenn anbriyon an.

Konsèy pou w fè grenn ou yo jèmen pi rapid:

Ou dwe konprann chak espès gen egzijan pa yo, men an jeneral ou sipoze plase grenn yo nan kondisyon anviwonmantal ki favorab pou li ka jèmen. Nan ka ki pi frekan yo, grenn yo bezwen yon tanperati ki cho pi yon kote ki gen dlo.


Josué PIERRE

13 Blog posts

commentaires