Ki kote dlo pase li antre nan ****ye?

#scicomm avèk Josué se yon emisyon kimikasyon syantifik ki pase chak Madi a 8:15 PM sou Facebook ak YouTube.

Si w swete gade emisyon an ale sou:

Facebook: https://facebook.com/jopierreht

YouTube: https://www.youtube.com/watch?v=rETqNy7UgLo

Dlo kokoye a se likid nou jwenn tou natirèlman anndan frui pye kokoye a pwodui a. Yo rele frui sa « noix de coco » epi pye kokoye rele kokotye. Lè frui a jèn ou pèse l, ji ou jwenn anndan li an se li ki dlo kokoye a.

Ki kote dlo sa soti menm ?

Tankou anpil lòt espès plant ki donnen, frui kokoye a reprezante yon rèzèv dlo dous pou plant lan. Sistèm rasinè pye kokoye a kapte dlo li jwenn nan tè a epi voye li ale jis nan frui a. Se menm jan ak lòt frui yo paske tout frui gen dlo nan yo. Sèl diferans, ou oblije prese lòt frui yo si ou vle dlo a soti. Nan ka plant moun ka manje yo, yo rele dlo sa a “ji” frui a. Donk dlo kokoye a se ji ou jwenn anndan frui kokoye a.

Nan ki estad dlo kòmanse antre anndan kokoye a?

Depi byen bonè nan kwasans frui a ou ka kòmanse jwenn dlo ladan l, an mayèn 50 cl dlo. Men lè frui a piti dlo ki anndan l lan pako sikre. Si ou goute l, li ka kite yon gou rak nan bouch ou. Lè frui a kòmanse jèn w ap jwenn plis dlo anndan l e tout tan l ap antre nan laj dlo sila ap diminye pou fè plas ak chè kokoye a (sa ou konn graje pou mete nan manje a oubyen pou fè lòt resèt kuizin).

Pou ki rezon plant lan oblije voye dlo nan frui a?

Menm jan ak moun, pye kokoye a konn fè previzyon. Li pa rale dlo a nan tè a paske li konnen moun ap bezwen l pou yo bwè, men paske dlo sa vrèman primòdyal pou asire perenite espès vejetal sila. Pye kokoye a pa fè anpil frui nan ane a (anviwon 25 a 75 frui konsa). Apre kokoye a sot tonbe sou pye a, li dwe an mezi pou reziste kont tout kondisyon ekstrèm yo, tankou sechrès, jiskaske lanati depoze l yon kote pou l ka leve. Pa egzanp, imajine yon frui ki tonbe nan lanmè. Sèl ki nan dlo lanmè a te ka detui jèm ki anndan frui a. Frui sa a ka pase plizyè mwa sou lanmè jiskaske lanm lanmè a voye li nan peyi ou pata menm imajine. Se pou rezon sa ki fè bò plaj yo souvan gen anpil pye kokoye. Grenn kokoye a gen plizyè kouch k ap pwoteje l. Dlo ki anndan l lan se rezèv dlo dous k ap pwoteje jèm kokoye a. Jèm sila kòmanse devlope anndan frui a epi li kreye yon rezo kapiyè ki pral sèvi baz pou sistèm rasinè nouvo ti pye kokoye a.

Pou kisa dlo kokoye ki leve bò lanmè yo pa sale ?

Se trè senp, pye kokoye a gen kapasite pou li filtre dlo li jwenn nan tè a depi nan rasin lan epi jete tout sa li pa bezwen nan dlo a. Men zòn kote kokoye a leve a gen enpak sou savè dlo kokoye a. Sa vle di yon dlo kokoye bò lanmè p ap janm gen menm gou ak lòt ki leve nan zòn ki gen dlo dous.

 

Mèsi paske w te li atik sa. Desann pi ba pou ka kite yon kòmantè pou mwen oubyen yon kesyon.


Josué PIERRE

13 Blog posts

commentaires
Don-woodeley Victor 31 s

Bon travail !