Nan moman n ap pale a, Teknoloji sa a ap revolisyone fason agrikiltè yo ap travay epi ap ogmante pwodiktivite kilti yo. Mwen vle pa pale de rekòt otomatize nan agrikilti.
Depi plizyè syèk, agrikiltè yo te toujou ap rekòlte sa yo pwodui a la men. Poutan, avèk ogmantasyon popilasyon mondyal lan epi nesesite pou pwodui plis manje, agrikiltè yo bezwen metòd ki pi efikas pou rekòlte kilti yo. Se la teknoloji rekòt otomatize yo rantre nan wonn lan.
Bonjou, mwen kontan paske lasyans ak teknoloji se domèn ki entèrese w. Si w vle gade videyo emisyon an pito, tanpri klike sou lyen sa a:
Teknoloji rekòt otomatize a se yon domèn k ap pran tèren pou li e ki konnen anpil devlopman dènye ane sa yo. Li vize ranplase metòd tradisyonèl yo pandan y ap itilize wobo epi dwón pou keyi frui ak legim pi fasil epi avèk plis efikasite.
Men ki kote rekòt otomatize sa a soti?
Konsèp rekòt otomatize a jwenn rasin li nan ane 60 yo, lè yo te devlope premye wobo pou te rekòlte bètrav sikre. Men wobo sa yo pat twò pèfòman epi yo te koute yon ti sak lajan. Sa ki fè moun pat twò sou bò yo.
Nan zòn ane 90 pou rive 2000, t ap pral gen gwo pwogrè ki fèt nan sa ki gen pou wè ak kaptè epi vizyon atifisyèl. Sa t ap pral pèmèt yo devlope wobo pou rekòt ki pi presi epi fyab. Wobo sa te itize pou rekòlte frui tankou frèz, seriz epi pòm.
Lè teknoloji dwón lan kòmanse parèt tèt li, ebyen yo t ap pral kòmanse itilze l pou rekòlte frui ak legim. Pou fè sa, yo itilize kèk kaptè ki pou dekte frui ki mi yo epi keyi yo avèk presizyon.
Jounen jodia, teknoloji rekòt otomatize a ap evolye, e gen nouvo devlopman k ap fèt pou amelyore presizyon, fyabilite ak rapidite wobo epi dwón pou rekòt yo. Yo itilize tou teknoloji entèlijans atifisyèl yo epi aprantisaj otomatik pou amelyore pèfòmans wobo ak dwón yo.
Ki avantaj teknoloji rekòt otomatize yo?
Gen anpil gwo avantaj lè nou itilize rekòt otomatize nan lagrikilti. Dabò, sa pèmèt nou redui depans nou t ap fè nan peye travayè, paske wobo ak dwon yo ka travay 24 sou 24, chak jou, san kanpe. Sa pèmèt nou ogmante randman ak pwodiktivite jaden yo, paske wobo ak dwón yo ka rekòlte frui ak legim ki mi yo pi rapid e avèk plis efikasite pase moun.
Pou nou n fini, teknoloji rekòt otomatize yo ap mache pazapa ak pwogrè teknolojik k ap fèt yo. E yo gen pou vin pi popilè nan ane k ap vini yo. Yo bay anpil avantaj ak agrikiltè yo e pou lagrikilti an jeneral.