Chat GPT nan sektè agrikòl la
Chat GPT se yon Chatbot ki devlope pa OpenAI, yon antrepriz amerikèn, ki pèmèt ou entèraji dirèkteman ak yon entèlijans atifisyèl gras ak yon senp aplikayon mesajri.
Se yon zouti ki prèske ka fè tout bagay. Li gen repons a prèske tout kesyon w yo. Li ka ekri yon prezantasyon (ekspoze), chanson, powèm, tweet, li ka menm ekri liv. Li ka rezoud gwo pwoblèm matematik, fizik, chimi epi kòde sit entènèt. Sa ki fè moun plis sezi a, se kalite repons li yo ki souvan siperyè ak repons lòm te ka bay.
Revolisyon nan zafè entèlijans atifisyèl sa a sòti jou ki te 30 Novanm 2022 a. Se pou premye fwa yon entèlijans atifisyèl t ap al disponib piblikman, gratis epi ak yon pèfòmans ki depase pèfòmans lòm.
Bagay sa a fè gwo deba, tout kote anpil kesyon ap poze e li kreye anpil enkyetid. Li pral siprime plizyè milyon travay moun ta sipoze ap fè, anpil sektè pral transfòme e anpil moun pral rich tou.
Kisa ki entèlijans atifisyèl la?
Se yon branch nan enfòmatik ki la pou devlope machin ki kapab reyalize travay moun ta sipoze ap reyalize nòmalman. Nou ka pran pa egzanp: Alexa, Siri ki se machin ou ka pale ak yo epi y ap reponn ou tankou se moun yo te ye. Gen wobo ki kesye, ki resepsyonis nan otèl, restoran… gen machin ki ka jwe echèk, videyo jwèt, genyen ki devlope pou rekonesans fasyal ak vokal.
Sa ki entèresan nan teknoloji sa yo se a vitès y ap evolye epi chanje mond lan. Se sak fè se moun ki pi rapid yo k ap rive pwofite de yo.
Antanke agwoekonomis, kominikatè syantifik ak yon antreprenè ki pasyone de teknoloji, mwen deside seleksyone pou ou nan atik sa a : 5 fason Chat GPT ka itilize pou amelyore sektè agrikòl la.
Si w ta swete gade videyo prezantasyon an pito, klike sou lyen sa a: https://youtube.com/@jopierre
- Previzyon metewolojik: Nou ka itilize Chat GPT pou jenere previzyon presi gras ak done metewolojik yo. Sa k ap pèmèt agrikiltè yo planifye aktivite nan plantasyon yo an konsekans.
- Analiz sòl: Chat GPT gen kapasite pou itilize done li jwenn sou sòl yo pou jenere analiz detaye k ap pèmèt agrikiltè yo pi byen konprann bezwen kilti yo.
- Idantifikasyon maladi ak ravajè: Chat GPT ka itilize imaj pou idantifye maladi ak ravajè (sa vle di ensèk nuizib) ki afekte kilti yo. Sa pral ede agrikiltè yo pran bon jan mezi pou konbat epi derasinen menas sa yo.
- Optimizasyon itinerè: Chat GPT kapab itilize done li jwenn sou wout yo ak chemen yo pou optimize trajè yo pandan transpò pwodui agrikòl yo. Se yon aspè ki gen anpil itilite pou antrepriz tankou Galata (https://mongalata.com ) k ap pran pwodui nan men agrikiltè yo pou distribye bay moun ak antrepriz ki bezwen achte. Sa ap pèmèt nou redui kantite lajan k ap depanse ak kantite tan nan transpò pwodui yo. Sa ap redui tou kantite pwodui k ap gate apre rekòt.
- Asistans po upran desizyon: Chat GPT ka itilize done ki genyen sou mache yo ak pri yo pou ede agrikilitè yo pran desizyon ki rasyonèl epi mezire lè y ap vann pwodui yo rekòlte yo.
Itilize Chat GPT ap pèmèt agrikiltè yo amelyore pwodiktivite ak rantabilite yo pandan y ap redui enpak anviwonmantal yo. Se yon zouti ki vrèman puisan ki ka ede leve gwo defi sektè agrikòl la ap fè fas jounen jodia.
Mèsi paske w te pran ti tan li atik sa a. Chak madi w ap jwenn yon sòti #SciComm avèk Josué sou YouTube ak Facebook: @jopierreht.
Pa neglije kite sa w panse nan kòmantè a, n ap kontan li e reponn ou.
Pilick Chavannes 7 s
Sak pase ? Mw komanse utilize chatGPT a, sanble system internet nou tro lan. Li tj dim recherche mw yo echwe.